5 plant pou nou dekonseye an Ayiti

5 plant pou nou dekonseye an Ayiti

Nan zafè reforestasyon, rebwazman ak restorasyon, nou souvan ap chèche solisyon ki pi rapid. Sa ki konn koz pafwa nou mal deside nan chwazi plant pou fè travay ki sot site la yo. Nou toujou prefere plant ki grandi vit, men mank konesans sou plant a kwasans rapid sa yo konn koz nou pèdi tout travay sa nan yon senp katastwòf natirèl.

Nature Design Haiti ap enfòme nou plis sou 5 espès forestye ki ta dwe dekonseye; 1- Lilas/Neem

2- Caliendra

3- Kasya

4- Lesena

5- Akasya

Plant sa yo se espès egzotik yo ye. Yo anvayisan, sa vle di depi yo tonbe nan yon espas, yo gaye e pran li nèt. Espes sa yo souvan seche dlo nan tè. Lè yo kòmanse devlope, yo kouvri tè a nèt, fè gwo touf e pa fasil kite lòt espès natif oubyen andemik devlope anba yo.

 

Nature Design Haiti konseye nou pou nou pa mete twòp espes sa yo nan travay reforestasyon ak restorasyon yo. Credit texte: Pierrette Decime