Abriko, yon plant ki gen anpil opòtinite ekonomik, men ki neglije.

Abriko, yon plant ki gen anpil opòtinite ekonomik, men ki neglije.

Konsèy pou antreprenè
Nan istwa nou, yo di anpil bagay sou abriko. Yo di si yon moun plante yon pye abriko lap mouri. Men istwa rapòte nou ke se yon moun ki te di ke lèw plante yon pye abriko li tèlman pran anpil tan avan li donnen, donk avan li donen ou ka gentan mouri. Men moun ki te tande mesaj la rapòte li yon lòt jan. Ebyen se yonn nan rezon ki fè anpil moun pè plante abriko paske yo pè mouri. Pandan epòk okipasyon amerikèn nan, ameriken yo te plante anpil abriko nan peyi a. An ayiti nou jwenn anpil abriko nan sid peyi a tankou Chantal, Senjan, se yon plant ke anpil ayisyen renmen paske li gou anpil e li gen menm vitamin avèk mango, ki se vitamin A ki bon anpil pou je nou. Dèfwa nan projè yo, se yon plant ki souvan neglije, yo plis itilize lòt fwi yo, sepandan li se yon plant ou pa santi ki konn atake vrèman pa maladi menm jan ak kèk lòt.
Abriko se yon plant ki pran anviron 4 a 5 an pou li donnen, menm jan avèk mango. Li soti nan yon fanmiy ki rele calophyllacée, karakteristik fanmiy sa, yo bay yon lèt jòn, non syantifik li se Mammea americana. Se yon plant ki soti nan karayib la presizeman kiba ak kèk lòt peyi nan gran antiy yo. Li fasil poul repwodwi, repwodiksyon an fèt ak grenn. Selon sa syantifik yo fè konnen, li ka devlope nan yon altitude ki ba, mennm jan nan yonn ki wo ( 0 a 1200m). Se yon plant ki ka rive nan otè 20 mèt konsa, e li renmen anpil frechè ak kote ki imid. Li gen plis kapasite poul reziste pa rapò ak mango a. Abriko kapab donnen prèske tout ane a. Donk li enpòtan jodi a pou yon antreprenè ki gen yon vizyon a long tèm, pou li panse a envesti nan pwodiksyon abriko, paske dépi nap pale de fwi nan peyi a, nou poko janm wè yon plantasyon abriko.
Jodi a nap wè ke se 5 a 6 abriko yo mete pou 200 goud. Yon pye abriko ki rive nan 15 ou 20 an yo ka bay environ 700 a 1000 abriko. Siw gen 1 karo tè, wap ka plante 1000 pye abriko konsa siw plante yo a 6 mèt. Pou kantite pye sa, lap bay environ 700 000 grenn abriko, ak kantite sa, nap gen yon montan de 28 000 000 goud. Montan sa montre nou ke abriko a se yon fwi si nou ta envesti ladanl lap ede nou ekonomikman, lap ede nou anpil nan ogmante vitamin A.
Abriko bon nan bouch, e li gen anpil lòt enpòtans. Ou menm ki fè eksperyans ak plant sa, ou menm ki konnen anpil bagay sou plant sa, sou pwodiksyon sa, annou ede plis moun konnen yo.
Crédit texte :
Loubenson Jean
.