Kèk espès plant pou reforestasyon

Kèk espès plant pou reforestasyon

Tout plant ka leve nan yon forè, men yo tout pa plant forestye. An Ayiti gen anpil mòn. Genyen ladan yo nou paka fè jaden telman yo wo, sa mande pou nou plante pyebwa ladan yo pou pwoteje yo kont ewozyon. E li tap pi bon pou nou mete plant ki pou reforestasyon ladan yo.

Souvan, gen moun lè yo tande pale de plant forestye yo toujou panse ak plant ki pa bay fwi oubyen plant nou ka jwenn nan yon forè. Li konn koze pwoblèm menm pou moun ak òganizasyon yo lè yo ap pale de plant pou yon pwojè reforestasyon kote yo konn seleksyone kèk plant ki pa forestye

Nautre Design pote pou nou jodiya, kèk plant pou reforestasyon. Landan yo nou genyen:

- kajou
- Sèd peyi
- Bwa chèn
- Kanpèch
- Bwa blan
- Bwaple
- Bwa pen
- Tavènon
- Nivre

Nature Design ap ankouraje nou plante plant ki pou reforestasyon pou yon bon rezilta.