Kèk byenfè rakèt

Kèk byenfè rakèt

An ayiti yon sèl plant konn souvan itilize pou yon pakèt malèz ou maladi. Gen ladan ki fasil bay bon rezilta, men gen tou ki konn pa bay ditou. Pami yo, nou genyen rakèt, yon plant ki bon pou plizyé maladi.
Rakèt kapab edew nan stabilize kantite sik ak grès nou gen nan san nou, sa vle di li bon pou moun kifè sik ak kolestewòl, yo fè rafrechi ak li tou. Gen moun ki di si ou ta fin fè yon move san, yon kòlè grav, ou prepare rafrechi ak plant sa epi ou mare li sou fwon, sa ka edew anpil.
Men kote plant sa soti menm?
Rakét se yon plant ki soti nan fanmi Cactaceae, non syantik li se Opuntia ficus indica , li pran nesans nan peyi Meksik e pou kounya li ateri nan plizyè lòt peyi nan mond lan sitou an Afrik ak amerik la. Rakèt se yon plant ki kapab grandi soti 3 pou rive 5 mèt yo konsa. Li gen yon fòm plat, souvan yo rele l rakèt plat. Li bay tij ki mezire 30 ak 40 santimèt longè e 2 ak 3 santimèt lajè.
Selon rechèch syantifik yo fè sou plant sa yo vin trouve ke li gen anpil byen fè. Yo fè lwil ak li, yo fè konnen li trè bon pou Netwaye po epi tou li bon pou cheve tou. Fwi Rakèt pwodwi vrèman rich ak vitamin C, li konbat dyare trè byen. Nan medsin tradisyonèl, meksiken yo itilize l anpil. Nan ka manje, li bay bon rezilta, li chaje ak vitamin A, fè elatriye. Li soulaje pwoblèm nan je.
Nan peyi Meksik ak lòt kote ankò yo manje jèn rakèt yo. Nan afè pwoteksyon anviwonman rakèt konbat erozyon. E yo konn fè kloti ak li tou. Answit li pirifye dlo tou.
Menm si plant sa gen tout potansyalite sa yo vre men li mande pou nou pran prekosyon nan fason nap sèvi ak li tou. Pou ou menm ki gen maladi sik nou ta souvan kontwole to sik nou avan nou pran l. Demèm pou moun ki fè kolestewòl.
Petèt ou fè eksperyans ak plant sa deja.
Men se toujou yon plèzi pou Nature Design enfòme ou sou valè plant medisinal yo. Ou men m ki fè eksperyans ak plant sa deja, kòman w konn itilize l? An nou ede plis moun konn valè Rakèt ke yo rele nopal tou.
Next article Kèk plant litoral ak wòl yo

Comments

Sammy - August 11, 2023

I need a green kalbas for a recipes. I try to buy it on your site but i can’t buy it . Its sold out already.
Let me know when its gonna be available?

Leave a comment

* Required fields