
Kèk plant litoral ak wòl yo
Nou souvan remake yon seri de plant bò lanmè. Genyen ladan yo nou ka jwenn bò rivyè men yo pa fasil adapte yo nan altitid ki wo. Plant sa yo se plant litoral, yo gen kapasite pou yo viv bò lanmè a e adapte yo a sèl nan lamè a.
Pafwa, pou nou konstwi oubyen pou nou jwenn plis espas pou plaj nou konn detwi yo e mete nan plas yo lòt plant ki pa nativ.
Nature Design Haiti ki konnen kijan plant sa yo enpòtan, ap pataje kèk wòl yo jwe avèk nou;
- Briz van: Pou pwoteje nou kont siklòn e redwi vitès van.
- Gad manje: Pèmèt zwazo yo jwenn manje
- Kay: Kote pou kèk zwazo avèk bè lamè rete.
- Baryè: Yo evite anpil tè ak fatra al nan lamè.
- Pirifye lè: Tankou tout plant pou pèmèt nou respire byen.
An nou aprann konnen plis de plant litoral yo pou plis byenfè yap ofri nou. Pami plant sa yo, genyen; rezen lanmè, dame marie ak paletivye
Comments
Leave a comment