Pwodiksyon rezen, Yon opòtinite ekonomik pou ayiti.

Pwodiksyon rezen, Yon opòtinite ekonomik pou ayiti.


Konsèy pou antreprenè.

Gen anpil fwi lèw manje yo an ayiti oubyen nan kèk lòt peyi, yo reprezante yon senbòl liks, yon senbòl fyète paske se pa tout kote, ni se pa tout moun ki ka jwenn yo pou yo manje. Se menm jan isit an ayiti, lè yon moun gen rezen lakay li, oubyen lè moun sa ap manjel, se tankou yon bagay ekstraòdinè.

Rezen se yon plant ki soti nan fanmiy Vitacee, non syantifik li se vitis vinifera, li kapab devlope nan yon altitid ki ba, se yon plant ekzotik ki soti nan sidès ewòp la, ak nan pwòch oryan, selon syantifik yo, li se yonn nan plant ki plis kiltive nan mond lan(68 000 000 ton nan ane 2010). Ou kapab plantel bò lanmè e menm nan lakou lakay ou. Yo itilizel pou fè ji, e li se yonn nan meyè plant ki itilize pou fè diven. Yonn nan kote an ayiti ki pwodwi rezen anpil se Chardonière, ki twouvel nan kot sid peyi a, kote moun yo fè tonèl pou rezen yo kapab byen devlope pandan yap grenpe, yo konn plante yo nan kloti lakay yo tou.

Avèk chanjman klimatik la ak degradasyon anvironman an, vin gen yon tanperati ki varye donk ansanm de kilti nou yo vin gen tandans pou modifye. Sa yo montre nou ke nou sipoze fè yon etid sou rezen an pou tout entreprenè konnen pi byen ki meyè oryantasyon ki genyen nan plant sa. Rezen se yon plant ki repwodwi fasil, swa pa bouti oubyen semans. Avantaj plant sa gen ladanl, yon sèl pye a kapab okipe yon espas de 10 a 15 mèt kare konsa, e li kapab bay anpil rezen, sitou si yo fè tonèl pou yo ka grenpe. An ayiti pa tèlman gen kote ni anpil antreprenè ki ap envesti nan pwodiksyon sa, sèlman selon nouvèl yo, nou aprann ke gen yon antreprenè ki trouvel nan zòn chardonière ki lanse l nan liy sa.

Rezen genyen anpil avantajekonomik. Peyi a se pou nou li ye, se nou ki pou envesti nan pwodiksyon yo, konsa nap ede peyi a anvanse nan ogmante kantite pwodiksyon li yo. Envesti nan rezen se yon bon chwa!

Rezen gen anpil lòt valè toujou, e nou kapab fè anpil lòt bagay avèl ankò. Ou menm ki konnen kèk enfòmasyon sou rezen an, annou chak bay ide nou ansanm pou plis moun konnen plis bagay de pwodiksyon sa.

Crédit texte: Loubenson Jean

Previous article Sa ou dwe konnen sou Bouldimas kòm plant ÒNEMANTAL E MEDISINAL
Next article Zoom sur quelques forts en Haïti et comment les aménager

Comments

evulubanuqiy - April 5, 2021

http://mewkid.net/when-is-xuxlya2/ – Buy Amoxicillin Online Amoxicillin 500mg tfs.mstg.naturedesignhaiti.com.etx.kr http://mewkid.net/when-is-xuxlya2/

ubiwexaw - April 5, 2021

http://mewkid.net/when-is-xuxlya2/ – Amoxicillin Amoxicillin 500 Mg nxe.rble.naturedesignhaiti.com.pdf.rq http://mewkid.net/when-is-xuxlya2/

ayadahirisne - April 5, 2021

http://mewkid.net/when-is-xuxlya2/ – Amoxicillin 500 Mg Amoxicillin On Line kuw.yvrz.naturedesignhaiti.com.pyq.hs http://mewkid.net/when-is-xuxlya2/

Leave a comment

* Required fields