Sa ou dwe konnen sou Bouldimas kòm plant ÒNEMANTAL E MEDISINAL

Sa ou dwe konnen sou Bouldimas kòm plant ÒNEMANTAL E MEDISINAL

 

Yo fè Yon konsta ,yo jwenn depi moun ap viv yo fasil pou fè kòlè. Jeneralman kòlè lakòz anpil gwo maladi nan kò a tankou: tansyon wo, gwo kriz tèt fè mal, san ki pa sikile byen; ki kaye, ki fè boul ki ka menm bay dyabèt. Tout maladi sa yo konn bay lanmò trè souvan. Anpil nan plant medisinal yo kapab ede nou jwenn bon jan soulajman e pafwa menm gerizon pou tout pwoblèm sa yo. Ladan yo nou gen Bouldimas. Gen moun ki rakonte: lè yo fè gwo kòlè ,san monte nan gòj yo tankou yon ti boul, yo bwè te bouldimas epi san an fonn; gen lòt ki di ankò: lè yo gen gwo kriz tèt fè mal, yo pran fè li,yo pase lwil maskreti sou li ak yon ti sèl mare sou fron yo, ankò yo jwenn bon èd ak sa. Yon bon jan plant konsa, ki gen anpil pwopriyete , kòman nou ka fè rekonèt Li pi byen?

Daprè syantifik yo, Bouldimas se yon plant ki pran nesans nan peyi Meksik, nan Amerik Sid la. Men kounya yo jwenn li nan anpil lòt peyi. Li soti nan fanmiy commelinaceae, non syantifik li se Tradescantia spathacea ou Rhoéo spathacea. Li se yon plant ònemantal, yo sèvi ak li tankou plant medisinal tou. Bouldimas pa vrèman grandi rapid epi Li pa twò wo lè l gen matirite. Li kapab grandi rive 50 cm konsa, tou depan de fason plantasyon an fèt. Fèy li yo epè, yo gen fòm epe yo trè rezistan, lajè yo kapab 3 cm pou rive 6 cm epi longè yo konn rive souvan 40 cm. Koulè do fèy la vèt epi anba yo konn mov . Bouldimas ede tè anpil, li ede,li konbat ewozyon; yo itilize l pou fè bèl patè; akòz bèl koulè fèy li genyen, pèyizajis yo ak jadinye yo renmen mete l nan jaden yo. Konsa tou li gen gwo byenfè nan afè sante.

Daprè rechèch , eksperyans ki fèt ak bouldimas, yo vin konstate li jwe yon wòl enpòtan pou sante moun. Yo di nan ka akouchman, yo sèvi ak li pou lavaj, yo mete l nan tizann. Pou fi ki gen pwoblèm règ , san ki pa koule byen; lè yo bwè te bouldimas,yo kapab soulaje. Konsa tou yo di li bon pou moun ki fè sik, pou tansyon wo, pou kansè. Yo fè konnen li fonn san, yo itilize fèy li melanje ak lwil maskreti , ak sèl pou soulaje kriz tèt fè mal.

Atansyon!

Bouldimas pwoteje tè a , e li gen anpil byenfè. Men nou dwe pran prekosyon ak li. Likid ki nan fèy li yo, si li tonbe sou po nou, li konn fè l grate Si yon fi ta ansent, menm si li ta fè gwo kòlè, li pa rekòmande pou l bwè te bouldimas, paske li kapab fè li fè avòtman( pitit la tonbe avan lèl).

Anpil moun petèt konn wè Bouldimas, ki wè se yon bèl plant ke yo ta plante lakay yo men konsa tou ki pa konnen vrèman valè medisinal li genyen. Nan sans sa nou menm ki konnen l ,ki rekonèt kalite li genyen. An nou pataje enfòmasyon nou yo pou fè lòt moun konnen l e sèvi ak li tou

Crédit texte : Emmanuel Jacinthe

Previous article Kònarè, yon plant medisinal nou dwe fè konesans avèl.
Next article Pwodiksyon rezen, Yon opòtinite ekonomik pou ayiti.

Comments

Levy Jeune - May 8, 2023

Mwen vle vann kèk fèy pou remèd natirèl

Angelot Pierre - May 3, 2021

Mwen vle acheté 10 féy bouldimas AK 5 ti branche racine. Map viv Santiago de chile. Comune cerro Navia . Rue Mapocho norte 8443

nGVAeBkNJDutTcQ - April 5, 2021

akyZmvCzegLJKT

ZWyRzvaFfUpin - April 5, 2021

YWqtAVHZ

rinjQYNpfBHEkDSK - April 5, 2021

NFelgjwBTKZMoVat

qnCHlWuTsJdIM - April 5, 2021

SiCtfwMqJ

Leave a comment

* Required fields