Sa ou dwe konnen sou rezen lanmè.

Sa ou dwe konnen sou rezen lanmè.

 

Nan karayib la, kote ayiti trouve l la se yon zòn ki très frajil, kote ki gen siklòn kap soti sou lanmè a kap frape a chak enstan. Men Bondye mete kelke plant ki pou sèvi baryè pou pwoteje plèn yo ak vil yo pou yo ka toujou rete san yo pa degrade oubyen kraze. Youn nan plant sa yo se rezen lanmè e wòl li se pwoteksyon.

Nan syèk ki pase yo, jeneralman lòm pat konn enpòtans plant sa a , se avèk ekoloji a kap devlope yo vin konprann ke li jwe yon gwo wòl. Li enpòtan anpil nan konsèvasyon litoral yo se nan sans sa a majorité peyi nan karayib la yo favorize pou plantasyon rezen lanmè nan vil yo pou yo ka fè sa nou rele rezilyans anviwonmantal la, lè gen siklòn, pou vil yo ka reziste. Malerezman an Ayiti nou pako vrèman wè amenajman ki fèt ak rezen. Men moun ki gen possibilité pou yo vwayaje sitou nan lòt peyi nan karayib la tankou Kiba, Repiblik Domikèn ak lòt peyi nan karayib la, nou ka wè sa yo fè ak rezen lanmè .

Rezen lanmè soti nan yon fanmiy yo rele polygonacee non syantifik li se cocoloba uvifera. Nan peyi Ayiti gen pou piti 50 varyete cocoloba ; sa nou konnen prèske tout varyete cocoloba se yon seri bwa ki di anpil paske yo nan yon ekosistèm kote van an pase fasil se yon seri bwa ke nou ka konpare yo ak fè paske yo pa kase fasil. Yo rezistan anpil pa rapò a siklòn epi yo bay rezilyans anviwonmantal.

Gen anpil moun ki konn manje fwi yo sitou sou plaj yo. Zwazo manje fwi a tou. Li bay yon fèy ki laj anpil, ou ka itilizel siw bezwen mete yon bagay pou manje oubyen kòm anbalaj .Se yon plant yo itilize anpil nan amenajman peyizaje, li bay lonb, yo itilizel tou pou fè bòdi. Lèw gen yon bòdi ou byen yon bèl ale wap fè li pi bon pou itilize plant nativ olyew sèvi ak plant egzotik yo.

Ou menm ki vwayaje ki wè koman yo itilize rezen lanmè nan amenajman peyizaje pou yo ka ogmante kapasite de rezilyans ekolojik yo ,ann ankouraje pwofesyonèl Ayisen nou yo sitou Enjenyè ,peyizajis. Ann ede peyi a ogmante kapasite l nan zafè rezilyans anviwonmantal.

Crédit texte: Modler Désir.

Previous article Zoom sur quelques forts en Haïti et comment les aménager

Leave a comment

* Required fields