Teknik pou yon bon transplantasyon

Teknik pou yon bon transplantasyon

Transplante yon plant se yon travay fasil men tou se yon etap frajil pou plant lan. Paske nan moman sa plant lan ap gen pou adaptel ak yon lòt sòl, lòt ekspozisyon e pafwa lòt tanperati. Souvan fwa yon plant konn byen an sante men nou mal transplante li, epi li mouri.
Nature Design vle pataje avèk nou kèk teknik pou byen transplante yon plant.
- Kite tè nan rasin plant lan. Tè sa pwoteje rasin yo e se avèl yo te gentan adapte.
- Retire enpe fèy. Lè plant lan fèk transplante li bon pou retire kèk fèy ki vye paske plant lan pa konsève ase eleman.
- Chire sachè polyetilèn. Si plant lan te nan sachè, chire sachè a avèk prekosyon pou fasilite rasin yo devlope.
- Awoze plant lan. Nan lè plant lan fèk transplante poul pa deseche twòp.
An nou mete an pratik konsèy  yo pou nou travay pi byen.