Anpil fwa gen kèk moun ki bezwen fè yon jaden oswa amenaje yon espas epi ki bezwen plant. Dèfwa yo konn ala achte plant nan peyi vwazen oubyen nan yon espas yo ap vann. Volontèman ou envolontèman, anpil nan plant nou itilize pou amenajman yo se plant ekzotik, sa vle di ki pran nesans nan lòt peyi. Aloske nou gen plizyè plant natif ak andemik lakay nou ki te ka reponn a bezwen nou.