
Twa plant natif pou nou valorize.
Anpil fwa gen kèk moun ki bezwen fè yon jaden oswa amenaje yon espas epi ki bezwen plant. Dèfwa yo konn ala achte plant nan peyi vwazen oubyen nan yon espas yo ap vann. Volontèman ou envolontèman, anpil nan plant nou itilize pou amenajman yo se plant ekzotik, sa vle di ki pran nesans nan lòt peyi. Aloske nou gen plizyè plant natif ak andemik lakay nou ki te ka reponn a bezwen nou.
Jodiya Nature Design pote pou ou twa plant natif ou ka itilize nan amenajman peyizaje.
1- Clavedia. Plant sa genyen yon bèl kwasans, li grandi tou dwat e li ka baw bon lonbraj.
2- Coldia. Plant sa li menm ou ka bal fòm e li rezistan anpil a van epi siklòn.
3- Rezen lanmè li menn li bay rezilyans anviwonmantal epi li bay fwi pou moun ak ti zwazo manje.
Annou aprann konnen plant lakay nou pou nou kapap itilize yo kòmsadwa epi ba yo valè.