Kònarè, yon plant medisinal nou dwe fè konesans avèl.

Kònarè, yon plant medisinal nou dwe fè konesans avèl.

Souvan nou konn tande yo di " Sa w pa konnen pi gran pase w." Avèk pwovèb sa, yo montre ke sa w konnen pa vo anyen devan sa w pa konnen. Dè fwa nou konn wè kèk plant ki bay bèl flè bò lakay nou, oubyen yon lòt kote. Selon sa je nou ban nou, sa konn fè nou reyalize ke plant sa yo kapab fè devan pòt nou, oubyen lakou nou bèl; san pou otan nou pa gen konesans de istwa yo, e valè medisinal ke yo genyen pou lavi nou. Pami kèk nan plant sa yo, nou gen yon egzamp kise: Kònarè (cornaret anguleux).
Selon rechèch yo, Kònarè se yon plant ki gen orijin li nan peyi Meksik ak nan Sid Etazini. Li se yon plant ke yo te konsidere tankou yon move zèb, paske yo pat janm konnen enpòtans li. Yo bali plizyè non e anpil nan non yo idantifye l. Syantifik yo rele l Proboscidea louisianica; non Proboscidea fè parèt fòm flè li bay la, kise yon fòm twonpèt. Non sa soti nan yon mo Grèk ki se proboskis ki vle di twonpèt. Nan lang fransè a, yo rele li cornaret anguleux, ki vle di griffe du diable, paske li gen de tikòn nan finisman fwi li bay la. Answit Houston te relel Martynia, pou onore yon botanis anglè ki gen non Martyn ki sete moun kite dekouvri plant lan nan peyi sa. Donk, syantifik yo tou konsidere non sa tou pou yo pale de plant lan.
Kònarè se yon plant anyèl, li soti nan fanmiy Martyniaceae, e non syantifik li se Proboscidea louisianica. Kònarè gen yon kwasans ki rapid e li devlope byen nan yon sòl ki lejè, fètil, fre e nan yon espas kote l ap jwenn bon jan solèy. Martynia louisianica bay yon fèy ki gen fòm kè ki gen kèk sou li. Lè plant sa fleri, flè a gen fòm twonpèt, e koulè l souvan vyolèt, woz , e blan. se yon plant ki bay fwi tou, nan fwi yo gen de ti kwochè ki sanble ak kòn, yo tankou grif, ladan yo gen plizyè ti grenn nwa, ke ou kapab itilize pou reprodwi li.
Daprè yon atik gwoup paspò sante, ak liv yo ekri sou plant sa, yo montre kèk enpòtans ke itilizasyon plant sa genyen nan zafè sante, kòm aliman e pou fè lakou bèl. Yo fè konnen ke yo itilize tout pati plant sa. Yo manje fwi a, sitou lè li wòwòt. Yo metel nan vinèg, yo fè konnen endyen yo te konn manje grenn li bay la, li ogmante apeti. Yo fè te ak fèy li pou doulè, li lite kont enflamasyon, pou moun kap bay san san rete. Nan ka moun ki gen san wo, ki nève fasil, yo di te plant sa kapab soulaje. Pou pwoblèm malgòj, yo di nou ka gagarize te ki fèt ak fèy kònarè a epi nou ap soulaje. Lè nou ta gen yon maleng, nou gen bouton sou po nou, doulè nan zòrèy, yo rakonte lè nou bouyi Kònarè byen bouyi kote li byen redwi, yo sèvi ak solisyon li bay la pou amelyore pwoblem sa yo. pou zòrèy fè mal la, yo di ke nou kapab vide ti gout nan solisyon an anndan l.
Sa nou ta dwe evite!
Proboscidea louisianica pwodwi fwi ke yo rele kapsil, li gen de kòn ki pwenti e ki gen fòm kwochèt ki kapab pike nou. Alò, evite mache pye atè, do touni, lè nou pral kot plant sa ye. Pou fi ki ansent, fanm ki nouris yo dwe prankosyon ak itilizasyon plant sa.
Se toujou yon plèzi pou Nature Design enfòme nou sa li konnen sou plant yo. Pou ogmante enfòmasyon yo, an nou pataje konesans nou gen sou plant sa.
Previous article Teknik pou byen kolekte semans
Next article Sa ou dwe konnen sou Bouldimas kòm plant ÒNEMANTAL E MEDISINAL

Comments

NWxGMKiL - April 5, 2021

NawEeZHkybOCnFXA

wLMOHQYIeqGxNvap - April 5, 2021

WifnIPqv

JFwQOLoSxX - April 5, 2021

cVoAvfsBxka

RFBSspHIM - April 5, 2021

KHVRwEiBgurJy

ZqOihBcolLda - April 5, 2021

WJtncbYsieV

umObwFcLoUIC - April 5, 2021

sIeToyfghci

NOjfuPMtrQGSW - April 5, 2021

ACPaKiuboOxhkeZ

LTWXpkUAlo - April 5, 2021

cQViHraG

Leave a comment

* Required fields