
Teknik pou byen kolekte semans
Koleksyon semans se travay ki fèt lè nou ap pran oubyen rasanble semans. Nou klolekte semans pou nou repwodwi yon espès oubyen pou konsève yo. Men pafwa semans yo konn tèlman mal kolekte ke se tò nou koze a espès la, a zwazo yo e anviwonman.
Jodia Nature Design vle pataje avèk nou kèk teknik pou byen kolekte semans.
- Pran 25%
Nou dwe pran yon kantite ki 1/4 semans pye a genyen. Siw pran tout ou pa gentan repwodwi yo pye a disparèt, nap pèdi espès la e zwazo ki viv de li yo ap mouri.
- Pwoteje pye a
Pou nou pran semans yo pa kase branch yo, met machèt sou yo oubyen tire wòch sou li.
- Sachè koleksyon
Genyen sachè ki fèt pou kolekte tout tip semans. Genyen ki dwe fèmen nèt, konsa gen lòt ki dwe pran lè.
- Zòn/lokal
Nou dwe konnen zòn nou pran semans yo. Klima ak tanperati kote plant lan donnen an, pou konnen ki kote repwodiksyon sa posib.
Nature Design ankouraje nou byen kolekte semans yo pou nou ka konsève ak repwodwi espès yo.
Comments
Leave a comment